KONDISYON JENERAL SIPLEMANTÈ NAN LIME
PWODUI LIMEPASS AK LIMEPRIME
Nan kad Sèvis yo, yo gendwa pwopoze w pou abòne, achte, aktive, jwenn aksè, oswa itilize nan lòt fason yon pwodui LimePass oswa yon pwodui LimePrime (yo chak yon “Pwodui”, oswa yo tout ansanm “Pwodui yo”), epi chak nan yo depann de kondisyon jeneral yo (“Kondisyon Pwodui yo”), ki anba la a. Kondisyon sa yo pou Pwodui a konplete kondisyon jeneral Akò Itilizatè Lime, epi yo ranplase nenpòt tèm depaman nan Akò Itilizatè a sèlman pou sa ki konsène itilizasyon Pwodui yo. Nenpòt mo oswa ekspresyon ki pa defini epi ki ekri ak yon lèt majiskil ap gen siyifikasyon ki mansyone nan Akò Itilizatè a. Se antite Lime lan ki ba w Sèvis yo dapre Akò Itilizatè w la ki ofri w pwodui LimePass ak/oswa LimePrime(yo). Tanpri fòk ou konnen, disponiblite ak kondisyon jeneral kote Lime ka ofri pwodui LimePass ak LimePrime yo gendwa varye selon vil la, rejyon an ak peyi a, jan sa parèt nan aplikasyon Lime lan.
LimePass: Òf Abònman ki Pa Renouvlab (Pake Minit Prepeye)
a. Kondisyon Jeneral Esansyèl yo
LimePass se yon modèl abònman ki pa renouvlab ki pèmèt itilizatè yo achte òf yon sèl fwa pou minit kous peye davans ansanm ak lòt avantaj (pa egzanp, deblokaj, kous, rabè, ak/oswa minit anplis) nan sèten mache (“Òf yon sèl fwa”). Lè w achte yon LimePass, ou aksepte Kondisyon sa yo ansanm ak kondisyon byen presi ki parèt nan Òf yon Sèl Fwa a.
Chak Òf ki disponib yon Sèl Fwa ap gen ladan l detay ak kondisyon ki enpòtan, tankou:
Ki kote ak kilè ou ka itilize avantaj yo nan yon LimePass,
Yon detay sou avantaj(yo) LimePass la bay la (pa egzanp si demaraj/deblokaj yo fè pati LimePass la ak kantite total demaraj/deblokaj, minit ak/oswa trajè ki kalifye pou chak LimePass oswa kantite tan maksimòm chak trajè ki kalifye dire) (“Avantaj LimePass ki Disponib yon Sèl Fwa yo”),
Pri a epi kantite minit ki nan pake LimePass la (“Tarif”), epi
Dat ekspirasyon LimePass la, ki se dat ki pi bonè a ant: a) Ou fin itilize kantite minit ou te achte nan Pake LimePass la, oswa b) yon dat presi kote nenpòt minit LimePass ki rete san itilize ap ekspire otomatikman dapre kondisyon Òf la. Fòk ou konnen avantaj ki pa itilize yo p ap transfere sou pwochen peryòd ni akimile apre LimePass la ekspire, epi p ap gen okenn ranbousman ni kredi ki pral bay pou minit oswa lòt avantaj ki pa itilize yo.
Frè deblokaj estanda, frè kous yo, ak/oswa frè pa minit aplike apre LimePass la ekspire, jan li dekri anwo la a.
b. Minit Trajè
Yon LimePass ka gen nan li yon pake minit rabè ke w ka itilize pandan Dire LimePass ou te achte a (“Minit pou Trajè”). Si LimePass la gen nan li Minit pou Trajè, sa yo aplike pou chak kous admisib ki fèt pandan Peryòd LimePass la ki idantifye nan Òf Yon Sèl Fwa a jiskaske tout minit sa yo fini nan Peryòd la, oubyen LimePass la ekspire, jan li dekri anwo la a. Annakò avèk kondisyon jeneral estanda Lime yo ki parèt nan Akò Itilizatè a, Minit Trajè pasyèl yo awondi nan minit antye ki pi pre a.
Rechaj Otomatik: si w aktive fonksyon rechaj otomatik la nan Wallet la nan LimeApp ou pou LimePass ou, Lime ap rechaje otomatikman, nan non w jan li endike ak enskripsyon pou fonksyon rechaj otomatik la, acha ou fè nan menm kalite LimePass la si LimePass ou genyen deja a ekspire, jan li dekri anwo a, pandan yon kous ki poko fini. N ap aplike youn oubyen plizyè nouvo pake avèk yon efè retwo-aktif pou kouvri tout kantite tan trajè a dire. Tanpri, n ap fè w konnen:
Rechaj Otomatik la pa deklanche si minit ou yo ekspire san w pa t itilize yo, oubyen si w fin itilize tout pake a nèt nan fen yon trajè. Nan ka sa yo, ou gendwa chwazi si pou w achte yon nouvo LimePass.
Rechaj otomatik la pa deklanche si kous ou a kouvri konplètman ak minit ki ranbouse.
Ou ka dezaktive fonksyon rechaj otomatik la nenpòt lè nan Wallet LimeApp la. Si LimePass ou a vin pa disponib pou ou oswa si w vwayaje nan yon lòt mache, karakteristik rechaj otomatik la ap dezaktive otomatikman epi y ap enfòme w. Epitou, Lime ap fè w konnen nenpòt ogmantasyon pri ki fèt nan LimePass anvan yon nouvo acha fèt pou yon rechaj otomatik.
Si echèk yon peman anpeche acha yon nouvo LimePass fèt an pasan pa rechaj otomatik la pandan trajè w la epi ou pa achte alamen yon nouvo LimePass anvan trajè a fini, epi nenpòt rès pati nan trajè a fèt apre LimePass fin ekspire, w ap peye tarif nòmal la.
Acha Rechaj Otomatik yo depann de Kondisyon sa yo ak kondisyon ki gen pou Òf LimePass yon sèl fwa ou seleksyone a.
Kous an Gwoup: pandan yon kous an gwoup, pasaje “òganizatè” a ap kouvri pri a pou chak pasaje nan Gwoup la, epi minit Gwoup la konsome ansanm pral dedui nan avantaj LimePass òganizatè a. Pa egzanp, si w òganize yon trajè an gwoup ki gen yon sèl envite epi nou chak fè 10 minit nan trajè a, yon total 20 minit ap dedui nan LimePass ou a. Fòk ou konnen fonksyon rechaj otomatik la pa disponib si LimePass ou a ekspire pandan dewoulman kous Gwoup la.
Minit Swapstation: Nan sèten mache, Lime gendwa ofri Minit Swapstation. Si w gen Minit Swapstation nan Wallet ou, sa yo ap trete yon fason endepandan parapò ak nenpòt òf pwodui LimePass oswa LimePrime. Etandone kondisyon jeneral ki byen diferan ki asosye avèk Minit SwapStation yo, minit sa yo pral aplike/konsome apre minit LimePass yo fin konsome oswa LimePass la fin ekspire.
c. Esè Gratis Gen kèk Of Sosisksyon LimePrime ki ka gen ladan yo yon esè gratis (yon “Esè Gratis”) ki pèmèt itilizatè ki elijib yo jwenn aksè nan Benefis LimePrime yo san yo pa peye Frè ki aplikab la pou yon peryòd tan limite, jan sa espesifye nan of ki aplikab la (“Peryòd Esè Gratis la”).
Esè Gratis ou a kòmanse lè ou aksepte klèman (opt-in) Esè Gratis la atravè Aplikasyon Lime lan epi li kontinye pou dire ki endike nan of ki aplikab la. Esè Gratis yo ka ofri pou diferan longè tan epi yo ka disponib sèlman pou sèten itilizatè, nan sèten kote, oswa pou sèten Of Sosisksyon LimePrime, jan Lime deside sa.
Swa ke ou anile sosisksyon LimePrime ou an anvan lafen Peryòd Esè Gratis la, Esè Gratis ou a ap konvèti otomatikman an yon sosisksyon LimePrime peye nan lafen Peryòd Esè Gratis la, epi y ap chaje w Frè ki aplikab la pou premye Sik Faktirasyon ou an.
Lè ou chwazi patisipe nan yon Esè Gratis, ou rekonèt epi ou dakò klèman ke:
sosisksyon LimePrime ou an ap konvèti otomatikman an yon sosisksyon peye nan lafen Peryòd Esè Gratis la sof si ou anile li davans;
Frè ki aplikab la, Sik Faktirasyon an, ak kondisyon sosisksyon yo ap sa ki endike nan Of Sosisksyon LimePrime ki aplikab la; epi
y ap chaje Frè a sou dènye mwayen peman ki valab ou te itilize ki nan dosye w la, oswa yon lòt mwayen peman ki asosye ak kont ou si mwayen prensipal la echwe.
Ou ka anile sosisksyon LimePrime ou an nenpòt ki lè atravè Aplikasyon Lime lan anvan lafen Peryòd Esè Gratis la pou w evite yo chaje w. Si ou anile anvan lafen Peryòd Esè Gratis la, aksè ou nan Benefis LimePrime yo ka sispann imedyatman.
Ou ka elijib pou itilize yon Esè Gratis yon sèl fwa sèlman, sof si Lime ofri w yon lòt Esè Gratis anplis. Itilizatè ki gen yon sosisksyon LimePrime kounye a oswa ki te genyen l anvan ka pa elijib pou Esè Gratis, jan Lime deside sa epi jan sa espesifye nan of ki aplikab la. Lime rezève dwa pou li modifye oswa retire nenpòt of Esè Gratis nenpòt ki lè anvan ou aksepte l, selon lwa ki aplikab yo.
2. LimePrime: Abònman Souskripsyon Renouvlab LimePrime se yon pwogram abònman mansyèl renouvlab ki baze sou abònman epi ki ofri abòne yo aksè nan yon pakè avantaj kous tankou, pa egzanp, depa kous gratis, rezèvasyon veyikil, veyikil pwograme, minit kous, oswa kous ak rabè, jan li endike nan òf nan aplikasyon ou oswa nan imèl ou (“Òf Abònman LimePrime”). Lè w abòne ak LimePrime, ou dakò w oblije respekte Kondisyon sa yo, ansanm ak kondisyon byen presi pou Òf Abònman LimePrime lan, ki entegre nan dokiman sa kòm referans.
Chak Òf Abònman LimePrime ap gen nan li detay ak kondisyon enpòtan konsènan Òf la, tankou:
Benefis(yo) abònman nan LimePrime lan bay ki gen ladan pa egzanp kantite total kòmansman trajè gratis yo, kantite total minit trajè ki enkli yo, si gen rezèvasyon gratis ki enkli, epi nenpòt avantaj tyès pati ki bay pa lentèmedyè pwogram lan) (“Avantaj LimePrime yo”),
Frè pou peye pou adezyon nan LimePrime lan (“Frè”), ak
Entèval faktirasyon an (“Sik Faktirasyon”).
Lè ou enskri pou yon abònman nan LimePrime, ou aksepte Kondisyon LimePass yo, ansanm ak kondisyon byen presi ki parèt nan Òf Abònman an.
Tarif nòmal ki anvigè pou kòmansman trajè yo, pou trajè yo ak/oswa pa minit la aplike apre tout Avantaj LimePrime yo fin itilize.
Trajè an Gwoup: yon moun ki mande yon Trajè an Gwoup ka itilize Avantaj LimePrime li yo pou envite sèlman si Òf Abònman an pèmèt sa yon fason ki klè. Nan ka sa a, pandan yon Trajè an Gwoup, Benefis LimePrime yo ap aplike ni pou trajè moun ki mande trajè a ni pou trajè envite yo.
Renouvèlman Otomatik ak Sik Faktirasyon
Frè pou peye pou LimePrime lan endike nan Òf Abònman an. W ap gen pou peye Frè yo pou premye Sik Faktirasyon w lan nan dat acha a, epi sa pral aktive adezyon w nan LimePrime pou kantite tan ki endike nan Òf Abònman w lan. Sof si w anile (an pasan pa Wallet la nan Aplikasyon Lime lan), annakò avèk kondisyon Anilasyon yo ki anba la a, ou rekonèt epi ou aksepte y ap fè w peye Frè a nan premye jou pwochen Sik Faktirasyon an. Adezyon w nan LimePrime ap renouvle otomatikman nan kòmansman chak Sik Faktirasyon, Frè yo ap debite otomatikman sou metòd peman ou chwazi a.
Anilasyon
Ou ka anile abònman LimePrime ou a nenpòt lè nan aplikasyon Lime lan. Pou evite yo fè w peye pou abònman mwa apre a, ou dwe anile abònman an omwen 1 jou anvan pwochen sik faktirasyon an. Pou anile abònman LimePrime ou, ale nan seksyon LimePrime ki nan paj Wallet la nan aplikasyon Lime lan epi anile abònman an. Si w anile abònman LimePrime ou an, w ap toujou gen aksè nan Avantaj LimePrime ou yo jiska ou rive nan fen Sik Faktirasyon aktyèl la.
3. Kondisyon Jeneral ki Aplikab ni pou LimePass ni pou LimePrime (Aplikab ni pou Abònman yon Sèl Fwa ni pou Abònman ki Baze sou Abònman yo)
3.1 Resi
On fwa w fin achte yon Pwodui, yon fakti ap parèt nan onglè ‘History’ ki nan aplikasyon an. Si kont ou an gen yon imèl ki asosye avè l epi ou te chwazi pou resevwa resi pa imèl, w ap jwenn yon kopi tou nan bwat resepsyon imèl ou a.
3.2 Itilizasyon ak restriksyon
Pwodui yo sèlman valab nan peyi kote ou te achte l la, epi pwodui yo gendwa pa disponib nan tout rejyon yo, oswa pou tout itilizatè yo. Si w gen nenpòt kesyon sou sa, tanpri kontakte sèvis kliyan Lime an pasan pa aplikasyon Lime lan.
Pwodui yo sèlman valab sou scooter elektrik ak bisiklèt elektrik Lime posede yo sof sizoka òf la eskli yon kalite veyikil nan domèn yon pwodui espesyalman.
Okenn nan Pwodui yo pa ka konbine, estoke ni transfere, epi li pa valab avèk Lime Access, ni avèk kòd pwomosyon Lime oswa lòt rabè.
Lime rezève dwa pou li sispann oswa revoke yon Pwodui si li yon kont Lime siyale pou aktivite ki sispèk oswa aktivite fwòd, oubyen si yon kont Lime vyole Kondisyon Pwodui a yon lòt fason.
3.3 Ranbousman
Okenn nan de Pwodui yo pa gen okenn valè lajan kach ($0.0) epi yo pa ka transfere. Pwodui yo pa admisib pou ranbousman oswa kredi, kit li itilize, kit li pa itilize, sof si sa endike nan Kondisyon sa yo pou Pwodui a oswa si lwa ki aplikab yo egzije sa.
3.4 Chanjman ak Mizajou
Lime ka mete ajou Kondisyon sa yo pou Pwodui a nenpòt lè. Y ap kominike w nenpòt gwo chanjman ki fèt nan Kondisyon sa yo pou Pwodui a.
Depann de lwa ki aplikab la, lè ou jwenn aksè nan Sèvis Lime yo oswa lè w itilize yo pa lentèmedyè yon Pwodui, ou aksepte pou w respekte Kondisyon sa yo pou Pwodui a ak Akò Itilizatè a, jan yo modifye nan moman an.
Ou lib pou w sispann itilize Pwodui yo ak/oswa Sèvis Lime yo nenpòt ki lè.
3.5 Òf Pwomosyonèl ak Rabè Tanporè
Detanzantan, nou gendwa ofri avantaj siplemantè pou Pwodui a oswa lòt rabè pwomosyonèl. Kondisyon byen presi ki aplikab pou avantaj siplemantè ak pwomosyon sa yo ap endike nan Òf Yon sèl fwa a oswa Òf Abònman ki asosye ak Pwodui ki konsène a. Lime rezève dwa pou li retire oswa modifye nenpòt avantaj siplemantè ak/oswa pwomosyon nenpòt ki lè san li pa fè w konn sa alavans e san li pa gen okenn responsablite.
3.6 Dwa pou Retrè
Nan kèk jiridiksyon, ou gen yon dwa legal pou w anile kòmann Pwodui ou te pase a nan lespas 14 jou apre aktivasyon pwodui a, san bay okenn rezon. Nan jiridiksyon sa yo, nenpòt abònman Pwodui ka anile sèlman apre premye aktivasyon li, e non pa apre chak renouvèlman otomatik. Pou egzèse dwa legal la pou anilasyon an, ou dwe enfòme Lime sou desizyon w pran pou anile acha w la anvan peryòd 14 jou a ekspire. Ou ka kontakte Lime nan [email protected]. N ap ranbouse w nan lespas 14 jou apati dat nou resevwa avi anilasyon w lan. N ap itilize menm metòd peman ou te itilize pou tranzaksyon an, epi ou p ap gen okenn frè pou peye pou ranbousman sa a. Si w te itilize nenpòt pati nan Pwodui a pandan peryòd 14 jou a, ou gendwa oblije peye yon montan ki egal a kantite kous ou te fè jiska dat Lime te resevwa avi anilasyon w lan.